Psalms 105:43
Se konsa li te fè pèp li a soti ak kè kontan, li te fè pèp li te chwazi a rele sitèlman yo te kontan.
Bib La
In The King James Version
And he brought forth his people with joy, and his chosen with gladness:
In Context
42Li te chonje pwomès li te fè a, pawòl li te bay Abraram, sèvitè l' la.
44Li ba yo tè lòt nasyon yo, li kite yo ranmase rekòt jaden lòt moun,
Cross References
Exodus 14:8Seyè a te fèmen kè farawon an, wa Lejip la. Farawon an pran rapouswiv moun pèp Izrayèl yo ki te soti kite peyi a devan je tout moun san pesonn pa t' di yo anyen.
Deuteronomy 4:37Li te renmen zansèt nou yo, li te chwazi pitit pitit yo apre yo, kifè li te fè yo santi li la ak yo, li fè yo wè gwo pouvwa li, li fè yo soti kite peyi Lejip.
Judges 6:9Mwen te delivre nou anba men moun Lejip yo ak anba men tout lòt moun ki t'ap malmennen nou isit la. Mwen mete yo deyò pou yo fè plas pou nou, lèfini mwen ban nou peyi moun sa yo pou nou rete.
Psalms 105:6Nou menm, pitit pitit Abraram, sèvitè Bondye, nou menm, pitit pitit Jakòb yo, nou menm Bondye chwazi, chonje mirak ak mèvèy li te fè. Chonje jijman ki te soti nan bouch li!
Psalms 106:8Men, li te sove yo pou sa sèvi yon lwanj pou li, pou l' moutre jan li gen pouvwa.
Isaiah 51:10Se ou menm ki te cheche dlo lanmè a. Se ou menm ki te louvri yon chemen nan mitan lanmè a pou moun ou t'ap delivre yo te ka pase.