Isaiah 51:10
Se ou menm ki te cheche dlo lanmè a. Se ou menm ki te louvri yon chemen nan mitan lanmè a pou moun ou t'ap delivre yo te ka pase.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 14:22Moun pèp Izrayèl yo antre sou tè sèk la, nan mitan lanmè a. Dlo a te kanpe de bò tankou yon miray sou bò dwat yo ak sou bò gòch yo.
Exodus 15:13Paske ou gen bon kè, ou mennen pèp ou delivre a, avèk fòs ponyèt ou, ou mennen yo nan peyi ki apa pou ou a.
Isaiah 35:10Moun Seyè a te delivre yo pral tounen. Y'ap rive lavil Siyon ak chante nan bouch yo, ak kè kontan make sou figi yo. Tout moun pral kontan, yo pral fè fèt. Moun p'ap nan lapenn. Ou p'ap tande plenyen ankò!
Isaiah 43:16Nan tan lontan, se li menm, Seyè a, ki te louvri yon chemen nan mitan lanmè a pou nou. Li te fè yon wout nan mitan gwo dlo ki te fin debòde yo.
Isaiah 63:11Men, yo chonje tan lontan, yo vin chonje Moyiz. Yo mande koulye a: Kote Bondye ki te rale yo sot nan lanmè a, Bondye ki te mete Moyiz mache devan yo tankou yon gadò pou bann mouton l' yo? Kote Bondye ki te bay Moyiz pouvwa lespri li a?