Psalms 118:27
Seyè a se Bondye li ye. Li wete nou nan fènwa kote nou te ye a. Avèk branch bwa nan men nou, ranje nou pou nou fè tout tou lotèl la.
Bib La
In The King James Version
In Context
26Benediksyon pou moun ki vini nan non Seyè a! Nou menm ki nan kay Seyè a, n'ap beni nou.
28Se ou ki Bondye mwen, m'ap di ou mèsi. Bondye mwen, m'ap di jan ou gen pouvwa!
Cross References
Exodus 27:2W'a travay kat kòn sou kat kwen lòtèl la. Se pou kòn yo fè yon sèl pyès ak lòtèl la. Apre sa, w'a kouvri tout ak kwiv.
1 Kings 8:63Salomon te ofri venndemil (022.000) towo ak sanvenmil (0120.000) mouton pou mande Bondye padon. Se konsa wa a ansanm ak tout moun pèp Izrayèl yo te mete Tanp lan apa pou Seyè a.
1 Kings 18:39Lè pèp la wè sa, yo tonbe fas atè, yo pran rele: -Se Seyè a ki Bondye! Se Seyè a ki Bondye!
Esther 8:16Pou jwif yo menm, se te yon gwo soulajman; yo te kontan, yo t'ap fè fèt, se te yon bèl bagay pou yo.
Psalms 37:6L'a fè jistis ou parèt aklè tankou yon limyè, l'a fè rezon ou parèt aklè tankou gwo solèy midi.
Isaiah 9:2Pèp ki t'ap mache nan fènwa a wè yon gwo limyè. Yo te rete nan yon peyi kouvri ak fènwa. Men, koulye a yon limyè vin klere yo!