Psalms 119:139
Tèlman mwen renmen lalwa ou, mwen santi se tankou yon dife k'ap boule tout anndan mwen, lè m' wè jan moun ki pa vle wè m' yo bliye pawòl ou yo.
Bib La
In The King James Version
My zeal hath consumed me, because mine enemies have forgotten thy words.
In Context
138Prensip ou bay yo, se bagay ki dwat, se bagay ki vre.
140Pawòl ou se pawòl sèten nèt. Sèvitè ou gen tan renmen li.
Cross References
1 Kings 19:14Eli reponn: -Seyè, Bondye ki gen tout pouvwa a, mwen renmen ou anpil, mwen pa ka wè sa pèp Izrayèl la ap fè ou la. Li pa kenbe kontra li te pase avè ou la. Li kraze lotèl ou yo. Li touye tout pwofèt ou yo. Se mwen menm sèl ki rete. Men y'ap chache touye m'.
Psalms 69:9(069:10) Mwen sitèlman renmen kay ou a, sa fè m' santi se tankou yon dife k'ap boule tout anndan mwen. Tout joure y'ap joure ou yo, se tankou si se mwen menm menm yo t'ap joure.
Matthew 9:13Ale non, chache konprann sans pawòl sa yo ki nan Liv la: Mwen vle pou nou gen kè sansib. Mwen pa bezwen bèt n'ap ofri pou touye pou mwen yo. Paske, mwen pa vin rele moun k'ap mache dwat devan Bondye, men moun k'ap fè sa ki mal yo.
Matthew 15:4Tande byen. Bondye di nou konsa: Respekte papa ou ak manman ou. Li di ankò: Si yon moun pale papa l' osinon manman l' mal, se pou yo touye l'.
Matthew 21:16Yo di Jezi konsa: Eske ou pa tande sa y'ap di? Jezi reponn yo: M' tande wi. Eske nou pa janm li pawòl sa a nan Liv la: Ou fè timoun piti ak tibebe nan tete fè gwo lwanj pou ou?
Matthew 22:29Jezi reponn yo: Nou nan lerè wi. Nou pa konprann sa ki ekri nan Liv la, ni nou pa konnen pouvwa Bondye.