Psalms 142:2
(0142:3) M'ap louvri kè m' bay Bondye, m'ap rakonte l' mizè mwen.
Bib La
In The King James Version
I poured out my complaint before him; I shewed before him my trouble.
In Context
Cross References
Psalms 18:4(018:5) Lanmò te fin vlope m'. Mwen te pè lè m' wè tout malè sa yo tonbe sou mwen.
Psalms 42:4(042:5) Kè m' ap fann lè m' chonje bagay tan lontan: mwen te konn mache ansanm ak yon foul moun, ki te konn ale lakay Bondye. Moun yo te konn fè fèt, yo te konn chante, yo t'ap di Bondye mèsi.
Psalms 102:1(0102:1) Lapriyè yon moun ki anba tray. Li pa kapab sipòte ankò. L'ap rakonte Bondye ka li. (0102:2) Seyè, koute m' non lè m'ap lapriyè, se pou rèl mwen rive nan zòrèy ou.
Romans 8:26Se konsa tou, Lespri Bondye a vin ede nou, atout nou fèb la, paske nou pa konnen kisa pou n' mande lè n'ap lapriyè, ni ki jan pou nou lapriyè. Men, se Lespri Bondye a menm k'ap lapriyè Bondye pou nou. L'ap pouse gwo soupi moun pa ka esplike.
Hebrews 5:7Pandan Jezi t'ap viv sou latè, li te lapriyè Bondye, li te fè demann li avèk gwo rèl ak dlo nan je bay Bondye, sèl moun ki te kapab sove l' anba lanmò. Bondye koute l', paske li te soumèt devan Bondye.