Psalms 22:21
(022:22) Wete m' nan bouch lyon yo. Delivre m' anba towo savann sa yo. Ou reponn mwen, Seyè!
Bib La
In The King James Version
Save me from the lion’s mouth: for thou hast heard me from the horns of the unicorns.
In Context
20(022:21) Pa kite yo touye m' ak kout nepe. Pa kite chen yo devore m'.
22(022:23) M'a di frè m' yo tout sa ou te fè pou mwen. M'a fè lwanj ou lè yo tout reyini ansanm.
Cross References
Deuteronomy 33:17Li byen kanpe tankou premye pitit yon towo bèf. L'ap gen fòs kouraj yon bèf savann. L'ap bat tout pèp ki sou latè ak kout kòn, l'ap kouri dèyè yo jouk nan dènye bout latè. Wi, se sa tout milyon moun Efrayim yo ak tout kantite moun Manase yo pral fè.
Psalms 35:17Seyè, pou konbe tan ankò w'a penmèt sa? Pwoteje m' non anba bèt sovaj sa yo. Sove m' anba lyon sa yo.
Luke 22:53Toulejou mwen te la avèk nou nan tanp lan, nou pa t' chache arete mwen. Men koulye a, se jou pa n', se jou pouvwa ki travay nan fènwa a.
John 14:30Mwen p'ap pale anpil ankò avè nou, paske chèf k'ap dominen lemonn lan ap vini. Li pa gen okenn pouvwa sou mwen.
Acts 5:30Bondye zansèt nou yo te fè Jezi leve soti vivan nan lanmò, Jezi nou te fè touye lè n' te kloure l' sou kwa a.
1 Peter 5:8Kenbe tèt nou anplas, rete sou prigad nou. Paske dyab la, lènmi nou an, ap veye nou tankou yon lyon ki move, k'ap chache moun pou l' devore.