Psalms 39:1
(039:1) Pou chèf sanba yo. Pou Jedoutoun. Se yon sòm David. (039:2) Mwen te pwomèt mwen t'ap veye sou pawòl mwen, pou m' pa peche ak lang mwen. M'ap mete yon fren nan bouch mwen toutotan mechan yo va kanpe la devan mwen.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Kings 10:31Men, Jeou pa t' bat kò l' plis pase sa pou l' te mache dapre lalwa Seyè a. Okontrè, li lage kò l' nan fè menm peche ak wa Jewoboram ki te lakòz pèp Izrayèl la fè sa ki mal.
1 Chronicles 25:1Apre sa, wa David ak chèf moun Levi ki reskonsab sèvis nan Tanp lan te chwazi branch fanmi Asaf, branch fanmi Eyman ak branch fanmi Jedoutoun pou ba yo travay pa yo. Se yo ki pou bay mesaj Bondye yo, antan y'ap jwe gita, bandjo ak senbal. Men lis moun yo te chwazi yo ak travay yo chak:
Psalms 12:4(012:5) Y'ap plede di: -Nou pale jan nou vle. Bouch nou rele n' pa nou. Ki moun ki pou pase nou lòd?
Psalms 62:1(062:1) Pou chèf sanba yo. Pou Yedoutoun. Se yon chante David. (062:2) Se sou Bondye sèlman mwen konte, se li menm ki pou delivre mwen.
Psalms 77:1(077:1) Pou chèf sanba yo. Pou Jedoutoun. Se yon sòm Asaf. (077:2) Mwen rele byen fò nan pye Bondye. Wi, mwen rele nan pye Bondye, li koute mwen.
Psalms 141:3Seyè, mete yon mò nan bouch mwen. Veye pawòl k'ap soti nan bouch mwen!