Psalms 59:13
(059:14) Lè ou an kòlè, fini ak yo. Fini ak yo nèt, fè yo disparèt. Fè tout moun konnen se Bondye k'ap gouvènen nan peyi Jakòb la. Se li k'ap gouvènen toupatou sou latè.
Bib La
In The King James Version
In Context
14(059:15) Chak swa, yo tounen. Y'ap jape tankou chen, y'ap mache nan tout lavil la.
Cross References
Numbers 32:13Se konsa, Seyè a fè yon sèl move sou pèp Izrayèl la, li fè yo moute desann nan dezè a pandan karantan, jouk dènye moun ki te fè sa ki mal devan Seyè a mouri.
Deuteronomy 7:22Seyè a, Bondye nou an, va mete nasyon sa yo deyò devan nou, yonn apre lòt. Nou p'ap ka detwi yo tout yon sèl kou. Paske si nou fè l', bèt nan bwa ka anvayi peyi a, epi sa pa ta bon pou nou.
1 Kings 18:36Lè lè pou yo fè ofrann apremidi a rive, pwofèt Eli pwoche bò lotèl la, li di: -Seyè, Bondye Abraram, Bondye Izarak ak Bondye Jakòb, fè yo wè jòdi a se ou menm ki Bondye pèp Izrayèl la. Fè yo rekonèt se sèvitè ou mwen ye. Se ou menm ki ban m' lòd fè tout bagay sa yo.
Psalms 7:9(07:10) Fè mechan yo sispann fè move bagay. Tanpri, bay moun ki mache dwat yo fòs. Ou se yon Bondye ki pa nan patipri: Ou konnen tout lide moun gen nan tèt yo ak tout santiman ki nan kè yo.
Psalms 46:10(046:11) Li di: -Rete la! Sispann goumen! Konnen se mwen menm ki Bondye. Se mwen k'ap dominen sou tout nasyon yo. Se mwen k'ap dominen sou tout latè.
Psalms 64:9(064:10) Lè sa a, tout moun pral pè, y'a mache fè konnen sa Bondye fè. Y'a egzaminen tou sa li fè.