Psalms 85:13
(085:14) Moun k'ap mache dwat yo va pran devan. Kote yo pase moun ap viv byen yonn ak lòt.
Bib La
In The King James Version
Righteousness shall go before him; and shall set us in the way of his steps.
In Context
12(085:13) Seyè a va fè nou jwenn tout kalite bon bagay. Jaden nou yo va bay bèl rekòt.
Cross References
Psalms 72:2Konsa, l'a gouvènen pèp ou a san patipri, l'a gouvènen malere ou yo jan sa dwe fèt.
Psalms 119:35Fè m' viv yon jan ki dakò ak kòmandman ou yo, paske se nan yo mwen jwenn tout plezi m'.
Jeremiah 31:14M'ap fè prèt yo manje vyann gra kont kò yo. Pèp mwen an va jwenn tou sa yo bezwen nan tout bon bagay m'a ba yo. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
Matthew 20:27Si yonn nan nou ta vle chèf, se pou l' esklav nou tout.
John 13:34Men, m'ap ban nou yon kòmandman nouvo: Se pou nou yonn renmen lòt. Wi, se pou nou yonn renmen lòt menm jan mwen renmen nou an.
Galatians 2:20Se sak fè, se pa mwen k'ap viv ankò, se Kris la k'ap viv nan mwen: lavi m'ap mennen nan kò m' koulye a, m'ap viv li nan konfyans mwen gen nan Pitit Bondye a ki te renmen m' sitèlman li te rive bay lavi l' pou mwen.