Apokalips 1:13
ak nan mitan yo yon moun ki te sanble ak yon gason. Li te gen yon gwo rad sou li byen long ki te bat jouk sou pie l', ak yon sentiwon an lò mare sou lestonmak li.
Bib La
In The King James Version
In Context
14Cheve nan tèt li te tankou lenn mouton, blan kou koton. Je l' yo menm te tankou de flanm dife.
Cross References
Exodus 39:5Bèl sentiwon byen bwode ki mache ak jile a te fè yon sèl pyès ak li, ak menm kalite bodri a. Yo te fè l' an lò avèk twal siperyè koulè ble, violèt ak wouj, ansanm ak twal fen blan tise byen sere, dapre lòd Seyè a te bay Moyiz.
Isaiah 11:5L'a gouvènen pèp la san patipri, l'a dirije pèp la jan sa dwe fèt!
Daniel 7:9Mwen t'ap gade toujou, mwen wè yo ranje yon bann fotèy. Yon granmoun ki te la depi nan konmansman vin chita sou yonn nan fotèy yo. Rad ki te sou li a te blan kou koton. Cheve nan tèt li te tankou lenn mouton byen pwòp. Fotèy li a te tankou flanm dife, li te moute sou wou ki te tankou chabon dife tou limen.
Daniel 10:5Mwen leve je m', mwen wè yon moun ki te gen rad swa sou li ak yon sentiwon fèt ak bon lò mare nan ren l'.
Philippians 2:7Okontrè, se li menm pou tèt pa l' ki chwazi mete sa sou kote. Li te pito tounen yon domestik. Li pran fòm yon moun, li vin tankou tout moun.
Hebrews 4:15Granprèt nou an, se pa yon moun ki pa kapab soufri ak nou nan feblès nou. Okontrè, nou gen yon granprèt ki te pase anba tout kalite tantasyon menm jan ak nou. Men, li pa t' janm fè okenn peche.