Apokalips 16:15
Koute, m'ap vini tankou yon vòlè. Benediksyon pou moun ki pa kite dòmi pran yo, ki kenbe tout rad yo sou yo pou yo pa mache toutouni, pou yo pa wont moun wè yo konsa!
Bib La
In The King James Version
In Context
16Lespri yo sanble tout wa yo yon kote yo rele nan lang ebre a: Amagedon.
Cross References
Exodus 32:25Moyiz wè pèp la te fin dechennen, paske Arawon te lage brid ba yo, yo te lage kò yo nan sèvi zidòl. Sa fè yo pa t' anyen ankò devan lènmi yo.
Ezekiel 16:37Poutèt tou sa, mwen pral reyini tout ansyen nonm ou yo ki te konn pran plezi yo avè ou, ni sa ou te renmen yo, ni sa ou te rayi yo. M'ap fè yo vin fè wonn bò kote ou. Mwen pral wete dènye rad ki sou ou. Mwen pral kite ou toutouni devan je yo.
Habakkuk 2:15Madichon pou moun k'ap fè moun parèy yo bwè pou avili yo. Yo vide bweson ba yo jouk yo sou. Yo mete yo toutouni devan tout moun.
Matthew 25:13Apre sa, Jezi di yo: Se poutèt sa, pa kite dòmi pran nou, paske, nou pa konnen ni ki jou, ni ki lè sa va rive.
Mark 13:33Kenbe kò nou; pa kite dòmi pran nou; paske nou pa konnen ki lè lè a va rive.
Luke 12:37L'ap bon nèt pou domestik sa yo lè mèt la p'ap jwenn yo ap dòmi! Sa m'ap di nou la a, se vre wi. Mèt la va twouse ponyèt li, l'ap fè domestik yo chita sou tab, la vin sèvi yo.