Apokalips 16:21
De gwo grenn lagrèl ki pese san (100) liv konsa soti nan sièl la tonbe sou moun. Moun menm t'ap joure Bondye poutèt kalamite lagrèl la, paske se te yon kalamite ki te terib anpil.
Bib La
In The King James Version
In Context
20Tout zile yo disparèt, pa t' gen mòn sou latè ankò.
Cross References
Joshua 10:11Pandan yo t'ap kouri devan lame Izrayèl la, depi nan desann pant Bètowon an jouk yo rive Azeka, Seyè a rete nan syèl la, li voye gwo boul lagrèl sou yo pou touye yo. Lagrèl la te touye plis moun pase lame Izrayèl la avèk nepe yo.
Isaiah 8:21Moun pral pwonmennen mache nan tout peyi a, y'ap dekouraje, y'ap grangou. Grangou pral fè yo move, y'a rive rele madichon pou wa yo a ansanm ak Bondye yo a. Y'a leve je yo gade nan syèl,
Ezekiel 13:11Di moun k'ap pase dlo lacho sou miray la: Miray la pral tonbe. Mwen pral voye yon gwo lapli. Lagrèl pral tonbe, yon gwo van tanpèt pral soufle.
Ezekiel 38:21Mwen pral voye tout kalite malè sou Gòg pou fè li pè. Se mwen menm Seyè a ki pale. Sòlda li yo, yonn pral touye lòt ak nepe yo.
Revelation 11:19Lè sa a, pòt tanp Bondye nan sièl la louvri byen gran. Yo te ka wè bwat ki te gen kontra Bondye a anndan tanp lan. Zèklè pran klere, kout loraj pran gwonde, moun tande tout kalite bri. Tè a tranble, lagrèl t'ap tonbe an kantite.
Revelation 16:11Yo t'ap joure Bondye nan sièl la poutèt doulè ak malenng yo t'ap soufri yo. Men, yo pa t' sispann fè mal yo t'ap fè a.