Nehemiah 5:8
Epi mwen di: -Nou fè sa nou te kapab pou nou te rachte frè jwif parèy nou yo ki te vann tèt yo bay moun lòt nasyon pou sèvi yo esklav. Koulye a, se nou menm jwif k'ap fòse jwif parèy nou vann tèt yo bay jwif parèy yo! Tout moun rete bouch pe, yo pa t' gen anyen pou reponn nan sa.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 25:47Sipoze yon moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou nan peyi a vin gen anpil mwayen epi yon moun pèp Izrayèl parèy nou k'ap viv lakay nou, osinon pre kay moun lòt nasyon an, vin nan nesesite epi l al vann tèt li bay moun lòt nasyon an, osinon bay yonn nan fanmi moun lòt nasyon an pou li sèvi l' esklav.
Deuteronomy 24:7Si yo bare yon moun pèp Izrayèl ap kenbe yon moun pèp Izrayèl parèy li pou fè l' tounen esklav li osinon pou l' vann li, se pou yo touye l'. Se konsa n'a wete bagay mal k'ap fèt nan mitan nou.
Job 32:15Jòb, ou wè mesye yo pa konn sa pou yo di ou. Yo pa jwenn anyen pou reponn ou ankò.
Matthew 25:15Li bay yonn senkmil (5.000) goud, li bay yon lòt demil (2.000) goud, li bay yon twazyèm mil (1.000) goud. Konsa li bay yo chak dapre sa l' konnen yo ka fè. Lèfini, li pati.
Romans 3:19Nou konnen egzijans lalwa se pou moun ki anba lalwa. Konsa, pa gen eskiz ki pou soti nan bouch pesonn: tout moun antò devan Bondye.
1 Corinthians 8:11Nonm sa a ki fèb nan konfyans li a, Kris la te mouri pou sove l' tou, men li va peri akòz konesans ou a.