Apokalips 20:15
Tout moun ki pa t' gen non yo ekri nan liv ki gen non moun ki gen lavi a, yo jete yo nan letan dife a tou.
Bib La
In The King James Version
And whosoever was not found written in the book of life was cast into the lake of fire.
In Context
Cross References
Matthew 13:50y'a jete mechan yo nan gwo founo k'ap boule a. Se la va gen rèl, se la moun va manje dan yo.
Mark 9:43Si se men ou ki pou ta fè ou tonbe nan peche, koupe l', voye l' jete. Pito ou antre nan lavi a ak yon sèl men, pase pou ou rete ak tou de men ou, apre sa pou ou al nan lanfè, kote dife a pa janm mouri.
Mark 16:16Moun ki kwè epi ki resevwa batèm va delivre. Men, moun ki pa kwè va kondannen.
John 3:36Moun ki mete konfyans yo nan Pitit la, yo gen lavi ki p'ap janm fini an. Moun ki desobeyi Pitit la, yo p'ap gen lavi sa a. Se kòlè Bondye k'ap tonbe sou yo.
Acts 4:12Se li menm sèl ki ka bay delivrans paske Bondye pa bay non okenn lòt moun sou latè ki kapab delivre nou.
Hebrews 12:25Veye kò nou! Pa refize koute pawòl moun k'ap pale ak nou an. Moun ki te refize koute pawòl moun ki t'ap ba yo avètisman Bondye sou latè a, yo pa t' chape anba chatiman an. Nou pa bezwen mande si nou menm nou ka delivre si nou vire do bay moun k'ap pale ak nou antan l' nan syèl la.