Revelation 21:4
Li gen pou l' cheche tout dlo nan je yo. p'ap gen lanmò ankò, yo p'ap nan lapenn ankò, yo p'ap janm plenyen ankò, yo p'ap janm soufri ankò. Tout vie bagay sa yo pral disparèt.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 144:4Moun tankou lafimen. Lavi yo tankou nwaj k'ap pase.
Isaiah 30:19Nou menm ki rete lavil Jerizalèm sou mòn Siyon an, nou p'ap kriye ankò. Rele n'a rele l', l'a fè nou gras. Tande l'a tande nou, l'ap reponn nou.
Isaiah 51:11Moun Seyè a delivre yo ap tounen lakay yo. Y'ap rive sou mòn Siyon an avèk chante nan bouch yo, ak yon kontantman nan tout figi yo, yon sèl kè kontan ki p'ap janm fini. P'ap gen lapenn, p'ap gen plenyen ankò. Se va kè kontan ak fèt pou tout tan.
Isaiah 61:3pou m' bay moun mòn Siyon ki nan lafliksyon yo kè kontan nan plas lapenn yo, kontantman nan plas kè sere yo a. M'ap mete nan bouch yo chante remèsiman nan plas chante plenyen. Yo pral grandi tankou gwo pyebwa nan jaden Seyè a te plante ak men l'. Yo tout pral fè sa ki dwat devan Bondye, pou tout moun ka fè lwanj bèl pouvwa li.
Jeremiah 31:13Jennfi yo va danse tèlman y'a kontan. Jennjan ansanm ak granmoun gason yo va kontan tou. M'ap wete lapenn nan kè yo, m'ap fè yo kontan. M'ap fè yo pran kouraj. Nan mitan chagren yo, m'ap fè yo kontan.
Matthew 24:35Syèl la ak tout tè a va pase, men pawòl mwen p'ap janm pase.