Isaiah 51:11
Moun Seyè a delivre yo ap tounen lakay yo. Y'ap rive sou mòn Siyon an avèk chante nan bouch yo, ak yon kontantman nan tout figi yo, yon sèl kè kontan ki p'ap janm fini. P'ap gen lapenn, p'ap gen plenyen ankò. Se va kè kontan ak fèt pou tout tan.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 126:2Ala ri nou te ri! Ala chante nou te chante tèlman nou te kontan! Lè sa a, lòt nasyon yo t'ap di: -Seyè a fè anpil bèl bagay pou yo!
Isaiah 35:10Moun Seyè a te delivre yo pral tounen. Y'ap rive lavil Siyon ak chante nan bouch yo, ak kè kontan make sou figi yo. Tout moun pral kontan, yo pral fè fèt. Moun p'ap nan lapenn. Ou p'ap tande plenyen ankò!
Isaiah 48:20Soti kite lavil Babilòn! Sove kò nou lakay moun Kalde yo! Gaye nouvèl la ak kè kontan. Mache fè konnen l' toupatou. Seyè a delivre Izrayèl, sèvitè li a.
Isaiah 60:19Se pa solèy la ki pral klere nou lajounen. Ni nou p'ap bezwen klète lalin lan pou klere nou lannwit. Se mwen menm, Seyè a, ki pral sèvi nou limyè pou tout tan. Se Bondye nou an ki pral leve tèt nou.
Isaiah 65:19Mwen menm m'ap fè fèt pou Jerizalèm, m'ap kontan pou pèp mwen an. P'ap gen kriye ankò nan lavil la! P'ap gen rele mande sekou ankò!
Jeremiah 30:19Y'a tande moun ap chante lakay yo, y'a tande moun ap rele tèlman yo kontan. M'ap fè yo peple, yo p'ap fin disparèt. M'ap fè moun fè lwanj yo. Moun p'ap meprize yo ankò.