The Bible Software
bible.software › Apokalips › Apokalips 3 › Apokalips 3:21

Apokalips 3:21

Tout moun ki goumen jouk yo genyen batay la, m'ap ba yo dwa chita bò kote m' lè m'a sou fòtèy mwen an, menm jan mwen menm mwen te goumen jouk mwen te genyen batay la, pou koulye a mwen chita bò kot Papa m' ki chita sou fòtèy li a.

Bib La

In The King James Version

To him that overcometh will I grant to sit with me in my throne, even as I also overcame, and am set down with my Father in his throne.

In Context

20Koute. Men mwen kanpe la devan pòt la, m'ap frape. Si yon moun tande vwa m', si l' louvri pòt la ban mwen, m'a antre lakay li, m'a manje ansanm avè l', la manje ansanm avèk mwen.

22Se pou moun ki gen zòrèy pou yo tande tande sa Lespri Bondye a ap di legliz yo.

Read all of Apokalips 3

Cross References

Daniel 7:13Nan menm vizyon mwen t'ap fè lannwit lan, mwen wè yon fòm ki te sanble ak yon moun. Li t'ap vini sou tèt nwaj yo nan syèl la. Li pwoche bò granmoun ki te la depi nan konmansman an. Yo prezante l' ba li.

Matthew 28:18Jezi pwoche bò kote yo, li di yo konsa: Mwen resevwa tout pouvwa nan syèl la ak sou tè a.

John 5:22Papa a pa jije pesonn, men li bay Pitit la tout pouvwa pou jije.

John 16:33Mwen pale konsa pou nou kapab gen kè poze nan mwen. Nou gen pou n' soufri anpil sou latè. Men, pran kouraj, lemonn deja pèdi devan mwen.

Ephesians 1:20lè li te fè Kris la leve soti vivan nan mitan mò yo, li fè l' chita sou bò dwat li nan syèl la.

2 Timothy 2:12Si nou kenbe l' fèm nan soufrans nou, n'a gouvènen ansanm avè l' tou. Si nou lage l', la lage nou tou.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)聖書 (日本語)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBiblia TakatifuBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)

Study Apokalips 3:21

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeAlbert BarnesJohn WesleyJohn CalvinScofieldWilliam BurkittFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Apokalips 3:20Apokalips 3Apokalips 3:22 →