2 Timothy 2:12
Si nou kenbe l' fèm nan soufrans nou, n'a gouvènen ansanm avè l' tou. Si nou lage l', la lage nou tou.
Bib La
In The King James Version
If we suffer, we shall also reign with him: if we deny him, he also will deny us:
In Context
11Sa se pawòl sèten: Si nou mouri ansanm avè l', n'a viv ansanm avè l' tou.
Cross References
Matthew 10:33Men tou, moun ki va kanpe devan lèzòm pou di li pa konnen m', mwen menm tou, m'a kanpe devan Papa m' ki nan syèl la, m'a di mwen pa konnen l'.
Matthew 26:35Pyè reponn li: Menm si m' ta dwe mouri avè ou, mwen p'ap janm di mwen pa konnen ou. Tout lòt disip yo t'ap di menm bagay la tou.
Mark 8:38Si yon moun wont di se moun mwen li ye, si li wont pale pawòl mwen nan mitan bann moun alèkile yo ki vire do bay Bondye pou viv nan peche, enben, mwen menm tou, Moun Bondye voye nan lachè a, lè m'a tounen avèk zanj Bondye yo nan tout bèl pouvwa Papa m' lan, m'a wont pran li pou moun pa m' tou.
Luke 9:26Si yon moun wont di se moun mwen li ye, si li wont pale pawòl mwen, enben, mwen menm tou, Moun Bondye voye nan lachè a, lè m'a tounen nan tout pouvwa m' ak tout bèl pouvwa Papa m', nan mitan lame zanj li yo, m'a wont pran li pou moun pa m' tou.
Acts 14:22Yo t'ap bay disip yo fòs, yo t'ap ankouraje yo pou yo rete fèm nan konfyans yo. Yo t'ap di yo: Nou gen pou nou soufri anpil anvan pou n' antre nan peyi kote Bondye wa a.
Philippians 1:28Pa kite okenn lènmi kraponnen nou. Se pou tout bagay sa yo sèvi tankou yon prèv pou fè lènmi yo wè se pèdi y'ap pèdi tèt yo. Men, pou nou menm, yo fè wè se delivre n'ap delivre. Sa se travay Bondye.