Romans 1:21
Yo te konn Bondye byen pwòp, men yo pa bay Bondye lwanj ki pou li, yo pa di l' mèsi jan l' merite l' la. Lekontrè, y'ap mete yon bann lide ki pa gen sans nan tèt yo, yo san konprann, fènwa fin plen kè yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
22Y'ap mache di se moun lespri yo ye. Men, se fou yo fin fou.
Cross References
Genesis 6:5Seyè a wè jan lèzòm te mechan toupatou sou latè, ki jan tout lajounen se move lide ase ki te nan tèt yo.
Deuteronomy 28:29Gwo midi, n'a tatonnen tankou avèg k'ap mache nan fènwa. Nou p'ap jwenn rannman nan ankenn travay n'ap fè. Tout tan moun ap malmennen nou, y'ap vòlè nou, lèfini p'ap gen pesonn pou pote nou sekou.
Psalms 50:23Lè yon moun chonje di m' mèsi pou tout bagay, se lè sa a li fè lwanj mwen. M'ap delivre tout moun k'ap veye kote y'ap mete pye yo.
Psalms 86:9Tout nasyon ou te fè yo va vin bese tèt devan ou! Y'a fè lwanj ou,
Isaiah 44:9Tout moun k'ap fè estati zidòl yo, se moun ki pa vo anyen. Bondye yo renmen anpil yo pa ka fè anyen pou yo. Moun k'ap pran pou yo se moun ki pa wè, moun ki pa konn anyen. Se pou sa yo pral wont pita.
Jeremiah 2:5Men sa Seyè a voye di nou: -Kisa mwen te fè zansèt nou yo ki mal kifè yo te vire do ban mwen? Yo pran mache dèyè yon bann zidòl ki pa vo anyen. Yo menm tou, yo vin pa vo anyen.