Romans 10:8
Kisa yo di ankò? Men sa yo di: Pawòl la toupre ou, li nan bouch ou, li nan kè ou. Epi pawòl la se mesaj konfyans nan Bondye, mesaj n'ap anonse a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 57:19M'a di yo: Kè poze pou nou tout ki lwen, kè poze pou nou tout ki pre. M'a mete lwanj nan bouch yo, m'ap ba yo tout kè poze, m'ap geri yo.
Acts 10:43Tout pwofèt yo te di sa sou li: Nenpòt moun ki met konfyans yo nan Jezi va resevwa padon pou tout peche yo gremesi non sa a.
Acts 16:31Yo reponn li: Mete konfyans ou nan Seyè Jezi, epi wava delivre, ou menm ansanm ak tout fanmi ou.
Romans 10:17Konsa, se lè ou tande mesaj la ou vin gen konfyans. Mesaj la, se pawòl Kris la y'ap anonse.
Galatians 3:5Lè Bondye ban nou Lespri l', lè li fè mirak sa yo nan mitan nou, èske li fè sa paske nou fè sa lalwa mande, osinon paske nou mete konfyans nou nan li lè nou tande bon nouvèl la?
1 Peter 1:23Gremesi pawòl Bondye a ki yon pawòl vivan epi ki la pou tout tan, nou resevwa yon lòt lavi. Fwa sa a, nou pa soti nan yon jèm ki ka mouri, men nan yon jèm ki pa ka mouri.