The Bible Software
bible.software › Romans › Romans 12 › Romans 12:1

Romans 12:1

Se sak fè, frè m' yo, jan Bondye fè nou wè li gen kè sansib pou nou an, se pou nou ofri tout kò nou ba li tankou ofrann bèt yo mete apa pou Bondye, bèt yo ofri tou vivan epi k'ap fè Bondye plezi. Se sèl jan nou dwe sèvi Bondye tout bon.

Bib La

In The King James Version

I beseech you therefore, brethren, by the mercies of God, that ye present your bodies a living sacrifice, holy, acceptable unto God, which is your reasonable service.

In Context

2Pa fè menm bagay ak sa moun ap fè sou latè. Men, kite Bondye chanje lavi nou nèt lè la fin chanje tout lide ki nan tèt nou. Lè sa a, n'a ka konprann sa Bondye vle, n'a konnen sa ki byen, sa ki fè l' plezi, sa ki bon nèt ale.

Read all of Romans 12

Cross References

Psalms 19:14(019:15) Seyè, se ou ki twou wòch kote m' kache a, se ou ki delivrans mwen, mwen mande ou pou pawòl ki soti nan bouch mwen, ak lide k'ap travay nan tèt mwen fè ou plezi.

Psalms 69:30(069:31) M'a chante pou Bondye, m'a fè lwanj li. M'a di l' mèsi, m'a fè konnen jan li gen pouvwa.

Isaiah 56:7m'ap mennen yo sou mòn ki apa pou mwen an, m'a ba yo kè kontan nan kay kote yo fè lapriyè pou mwen an. M'a asepte tout bèt y'a ofri pou boule sou lotèl mwen ak tout lòt ofrann y'a fè pou mwen. Y'a rele kay mwen an kay kote tout pèp va vin fè lapriyè nan pye m'.

Hosea 14:2Tounen vin jwenn Seyè a! Men sa pou nou di li: Padonnen tout peche nou yo. Asepte sa n'ap mande ou la a. Nou p'ap ofri ou towo bèf ankò, n'ap fè lwanj ou pito.

Romans 2:4Osinon, èske se meprize w'ap meprize Bondye ki gen bon kè anpil, ki gen pasyans anpil, ki sipòte nou anpil? Se konnen ou pa konnen se pou l' ka rele ou vin chanje lavi ou kifè Bondye gen bon kè konsa?

Romans 6:16Nou konn sa byen: Si nou lage tèt nou nan men yon moun pou nou sèvi l' esklav pou n' obeyi l', nou tounen esklav moun n'ap obeyi a. Si nou lage kò nou nan peche, nou tounen esklav peche k'ap fè nou jwenn ak lanmò. Men, si nou lage kò nou nan obeyi Bondye, n'a esklav obeyisans k'ap fè nou mache dwat devan Bondye.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)聖書 (日本語)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBiblia TakatifuBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)

Study Romans 12:1

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeAlbert BarnesJohn WesleyJohn CalvinScofieldWilliam BurkittFamily Bible NotesJohn LightfootGeneva Bible Notes (1599)
Romans 12Romans 12:2 →