Romans 12:16
Viv byen yonn ak lòt. Pa kite lògèy moute tèt nou. Viv tankou moun ki san pretansyon. Pa kwè nou gen pi bon konprann pase sa.
Bib La
In The King James Version
In Context
15Fè kè n' kontan ak moun ki kontan, kriye ak moun k'ap kriye.
17Si yon moun fè nou mal, pa chache fè l' mal tou. Chache fè sa ki byen nan je tout moun.
Cross References
Job 31:13Lè domestik mwen osinon sèvant mwen gen kont avè m', si mwen ta refize mete rezon an kote l' ye a,
Psalms 131:1Se yon chante David pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Seyè, mwen pa gen lògèy nan kè mwen. Mwen pa gade moun avèk awogans. Mwen pa enterese nan bagay ki twò fò pou mwen, nan bagay ki twò difisil pou m' konprann.
Proverbs 17:5Lè w'ap pase yon pòv malere nan betiz, se Bondye ki fè l' la w'ap derespekte. Moun ki kontan lè malè rive yon lòt, Bondye ap pini l'.
Proverbs 19:17Lè ou bay pòv lacharite, se Bondye ou prete. Se li menm ki va renmèt ou sa.
Proverbs 26:12Gen plis espwa pou yon moun ki san konprann pase pou yon moun ki mete nan tèt li li konprann.
Jeremiah 32:39Sèl lide m'ap mete nan tèt yo tout, sèl anvi m'a ba yo tout, se pou yo gen krentif pou mwen tout tan. Se va pou byen yo ak pou byen pitit pitit yo.