1 Corinthians 15:34
Reprann bon sans nou. Sispann fè peche. M'ap di nou sa pou m' fè nou manyè wont, paske gen anpil nan nou ki pa konn Bondye menm.
Bib La
In The King James Version
In Context
33Piga nou twonpe tèt nou: move zanmi gate bon levasyon.
Cross References
Psalms 119:11Mwen sere pawòl ou yo nan kè mwen, pou m' pa fè peche kont ou.
Jonah 1:6Kaptenn batiman an al jwenn li, li di l' konsa: -Ey! Apa se dòmi w'ap dòmi? Leve non, monchè. Lapriyè bondye ou la. Ou pa janm konnen, li ka gen pitye pou nou, li ka pa kite nou mouri.
John 8:11Li reponn: Pesonn non, Mèt. Jezi di li: Mwen menm tou, mwen pa kondannen ou. Ou mèt ale. Men, pa janm fè peche ankò.
Romans 13:11Se sa menm pou nou fè, paske nou konnen ki jan tan an ye deyò a. Li lè pou nou leve soti nan dòmi, lè a sonnen, paske koulye a, lè pou n' fin delivre a pi pre nou pase lè nou te fèk mete konfyans lan.
1 Corinthians 8:7Men, se pa tout moun ki gen konesans sa a. Gen moun ki te sitèlman abitye ak zidòl yo, jouk koulye a, lè y'ap manje yon vyann, yo konprann se vyann bèt ki te ofri bay zidòl y'ap manje. Konsyans yo fèb. Yo santi yo mete tèt yo nan kondisyon yo pa ka sèvi Bondye ak manje a.
1 Thessalonians 4:5Pa kite move lanvi pouse nou tankou moun lòt nasyon yo ki pa konnen Bondye.