Matie 16:23
Men, Jezi vire tèt li, li di Pyè konsa: Wete kò ou sou mwen, Satan. W'ap chache fè m' tonbe. Lide ou pa sou sa Bondye vle, men sou sa lèzòm ta vle.
Bib La
In The King James Version
In Context
22Lè sa a, Pyè rele Jezi sou kote, li di l' konsa: Mande Bondye padon, Mèt! Sa p'ap rive ou.
Cross References
Genesis 3:17Apre sa li di Adan. Ou koute pawòl madanm ou, pa vre! Ou manje fwi pyebwa mwen te ba ou lòd pa manje a. Poutèt sa ou fè a, m'ap madichonnen tè a. W'a gen pou travay di toutan pou fè tè a bay sa ou bezwen pou viv.
1 Chronicles 21:1Yon jou, Satan move sou pèp Izrayèl la, li pouse David al konte konbe moun ki nan pèp Izrayèl la.
Zechariah 3:1Apre sa, Seyè a fè m' wè Jozye, granprèt la, ki te kanpe devan zanj Seyè a. Satan menm te kanpe sou bò dwat Jozye pou l' te ka akize l'.
Matthew 18:7Ala yon lapenn pou lèzòm! Pa manke bagay ki pou fè yo tonbe nan peche! Wi! se vre, bagay sa yo ap toujou la. Men, malè pou moun ki lakòz bagay sa yo rive!
Luke 4:8Jezi reponn li: Men sa ki ekri: Se Mèt la, Bondye ou, pou ou adore. Se li menm ase pou ou sèvi.
Romans 8:5Moun k'ap viv dapre sa lèzòm jwenn nan kò yo, se yon sèl bagay ki nan tèt yo: se egzijans kò a. Men, moun k'ap viv dapre Lespri Bondye a, se yon sèl bagay ki man tèt yo: se egzijans Lespri a.