Romans 14:18
Moun k'ap sèvi Kris la konsa, se yo ki fè Bondye plezi. Tout moun ap dakò ak sa.
Bib La
In The King James Version
For he that in these things serveth Christ is acceptable to God, and approved of men.
In Context
Cross References
Genesis 4:7Si sa ou te fè a te byen, ou pa ta rive nan sitiyasyon sa a. Men, paske ou fè sa ki mal, peche kouche nan papòt ou. L'ap tann konsa lè pou l' pran tèt ou. Men, ou menm, se pou ou kenbe tèt ak li.
Mark 13:34Se tankou lè yon nonm pati li al nan vwayaj. Li kite kay li nan men domestik yo pou yo okipe l' pou li. Li bay chak moun travay pa yo pou yo fè; li bay gadyen pòt la lòd pou l' pa dòmi.
Acts 10:35Li kontan ak tout moun nan tout nasyon ki gen krentif pou li epi ki fè sa ki dwat devan li.
Romans 12:1Se sak fè, frè m' yo, jan Bondye fè nou wè li gen kè sansib pou nou an, se pou nou ofri tout kò nou ba li tankou ofrann bèt yo mete apa pou Bondye, bèt yo ofri tou vivan epi k'ap fè Bondye plezi. Se sèl jan nou dwe sèvi Bondye tout bon.
Romans 14:4Ki moun ou ye konsa pou w'ap jije domestik lòt moun? Kit domestik la kenbe fèm nan sèvis la, kit li tonbe, sa se zafè ki gade mèt li ase. Men, pa pè, li gen pou l' kenbe fèm, paske Seyè a gen pouvwa pou l' soutni li.
1 Corinthians 7:22Yon moun ki esklav, depi Bondye rele l', se yon moun lib sou kont Seyè a li ye. Konsa tou, moun ki lib la, depi Bondye rele l', se esklav Kris la li ye.