Romans 15:31
Lapriyè pou m' ka delivre anba moun Jide yo ki pa vle kwè. Lapriyè tou pou moun k'ap viv apa pou Bondye nan lavil Jerizalèm, pou yo ka byen resevwa lajan m'ap pote ba yo a.
Bib La
In The King James Version
In Context
32Konsa, si Bondye vle, m'a rive lakay nou ak kè kontan, epi m'a pran yon ti repo nan mitan nou.
Cross References
Acts 22:24Kòmandan women an bay lòd fè Pòl antre nan kazèn lan. Li mande pou yo bat li pou fè l' pale. Li te vle konnen poukisa foul moun yo t'ap rele dèyè l' konsa.
Acts 24:1Apre senk jou, Ananyas, granprèt la, rive Sezare ak yon avoka yo rele Tètilis ansanm ak kèk chèf fanmi. Yo parèt devan gouvènè a; yo te vin pote plent pou Pòl.
Acts 25:24Apre sa, Festis di: Wa Agripa, nou tout ki isit la avèk nou, men li! Nou wè nonm sa a. Tout jwif yo vin pote m' plent pou li, ni laba Jerizalèm ni isit la. Y'ap plede rele nonm sa a te fèt pou l' mouri deja.
2 Corinthians 8:4se yo menm menm ki mande, se yo menm menm ki plede ak nou pou nou ba yo privilèj patisipe nan sekou n'ap voye pou manm pèp Bondye nan peyi Jide a.
1 Thessalonians 2:15Se jwif yo ki te fè touye ni Jezi, Seyè a, ni pwofèt yo. Se yo menm tou ki te pèsekite m' ansanm ak zanmi m' yo. Yo pa soti pou fè Bondye plezi. Yo fè lènmi ak tout moun.
2 Timothy 3:11nan pèsekisyon mwen ak nan soufrans mwen. Ou konnen tou sa ki te rive m' Antiòch, Ikoniòm ak List, ki kalite pèsekisyon mwen te sipòte. Men, Bondye te delivre m' anba yo tout.