Romans 16:4
Yo te riske tèt yo pou sove lavi mwen. Se pa mwen sèlman k'ap di yo mesi, se tout legliz ki nan moun lòt nasyon yo k'ap di yo mèsi tou.
Bib La
In The King James Version
In Context
3Di Priska ak Akilas bonjou pou mwen. Yo t'ap travay avè m' nan sèvis Jezikri a.
Cross References
Joshua 10:24Lè yo mennen wa yo ba li, Jozye rele tout gason nan pèp Izrayèl la, epi li di chèf ki te avè l' yo: -Vini non! Mete pye nou sou kou wa sa yo! Yo pwoche vre, yo mete pye yo sou kou wa yo.
Micah 2:3Se poutèt sa, men sa Seyè a di: M'ap pare yon malè pou nou. Nou yonn p'ap chape. Nou p'ap ka gonfle lestonmak nou sou moun ankò, paske sa pral rèd pou nou.
Acts 15:41Li pase nan peyi Siri ak peyi Silisi; sou tout wout la li t'ap fòtifye legliz yo nan konfyans yo nan Bondye.
Romans 5:7Se pa fasil pou ou jwenn yon moun asepte mouri pou yon nonm ki gen rezon. Ou ta ka jwenn yonn konsa ki ta gen kouraj mouri pou yon nonm debyen.
1 Corinthians 16:1Kanta lajan nou t'ap ranmase pou ede pèp Bondye ki lavil Jerizalèm lan, se pou nou fè tankou mwen te di legliz nan peyi Galasi yo fè.
1 Thessalonians 2:14Frè m' yo, sa ki rive nou an, se sa ki te rive manm legliz Bondye k'ap viv pou Jezikri nan peyi Jide a. Menm sa yo te soufri nan men jwif yo, se sa nou soufri tou nan men moun menm peyi ak nou yo.