Romans 2:11
Paske, Bondye pa gade sou figi moun.
Bib La
In The King James Version
For there is no respect of persons with God.
In Context
Cross References
Deuteronomy 10:17paske Seyè a, Bondye nou an, se li menm ki Bondye anwo tout bondye, se li menm ki chèf sou tout chèf. Li gen pouvwa, li gen fòs, li fè moun respekte l'. Li pa nan paspouki, li pa kite yo achte figi l' avèk kado y'ap ofri ba li.
2 Chronicles 19:7Se pou nou gen krentif pou Seyè a. Veye zo nou nan tou sa n'ap fè, paske Seyè a, Bondye nou an, pa tolere lenjistis ak patipri. Li pa nan pran kado nan men moun pou fè pa yo.
Proverbs 24:23Men lòt pawòl moun ki gen bon konprann yo te di ankò. Sa pa bon pou yon jij gade sou figi moun lè l'ap rann jijman.
Luke 20:21Espyon yo poze l' keksyon sa a: Mèt, nou konnen ou se moun serye. Tou sa ou di ak tou sa ou moutre nou se verite. Ou pa gade sou figi moun, men ou moutre chemen Bondye a jan li ye a.
Galatians 2:6Moun ki te pase pou chèf yo, mwen pa bezwen konnen sa yo te ye vre, paske Bondye pa gade sou figi moun-wi, moun ki te pase pou chèf yo, yo pa t' fè m' okenn lòt egzijans.
Ephesians 6:9Nou menm mèt, se pou n' aji menm jan an tou ak moun k'ap sèvi nou yo. Pa fè yo okenn menas. Toujou chonje ni nou menm, ni domestik nou yo, nou gen yon sèl Mèt nan syèl la, ki pa gade sou figi moun.