Romans 2:10
Men, Bondye va bay tout moun k'ap fè sa ki byen lwanj, respè ak kè poze, jwif yo an premye, apre yo moun lòt nasyon yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
11Paske, Bondye pa gade sou figi moun.
Cross References
1 Samuel 2:30Se poutèt sa, mwen menm Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, men sa m'ap di: Nan tan lontan, mwen te pwomèt mwen t'ap kite fanmi ou ak moun branch fanmi ou yo sèvi m' prèt pou tout tan. Men koulye a, mwen di: Mwen p'ap fè sa ankò paske m'ap fè bèl bagay pou moun ki gen krentif pou mwen. Men moun k'ap derespekte m' yo, m'ap fè yo wont. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
Psalms 15:2Se moun ki fè volonte Bondye nan tout bagay, ki toujou fè sa ki byen. Se moun ki pale verite a jan l' ye nan kè li,
Psalms 37:37Gade moun k'ap mache dwat la byen gade. Gade tout vire tounen l'. Moun ki viv byen ak tout moun ap gen pitit ak pitit pitit.
Proverbs 3:16Yon bò, bon konprann ap fè moun viv lontan. Yon lòt bò, l'ap bay richès, l'ap fè moun respekte ou.
Proverbs 8:18Mwen bay richès, mwen bay pouvwa. Mwen bay byen k'ap la pou lontan, mwen fè tout bagay byen.
Isaiah 26:12Seyè, ou fè nou viv ak kè poze. Paske tou sa nou rive fè, se ou ki fè l' pou nou!