Romans 2:14
Moun lòt nasyon yo ki pa gen lalwa Moyiz la, yo fè sa lalwa a mande san yo pa konnen. Yo menm ki pa gen lalwa Moyiz la, yo tounen yon lwa pou pwòp tèt pa yo menm si yo pa t' konn lalwa a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 4:7Paske pa gen lòt nasyon, li te mèt gran kou l' gran, ki gen yon Bondye toupre yo, yon Bondye k'ap kanpe la avèk yo, tankou Seyè a, Bondye nou an, fè l' pou nou chak fwa nou rele l'.
Acts 10:35Li kontan ak tout moun nan tout nasyon ki gen krentif pou li epi ki fè sa ki dwat devan li.
Acts 17:30Men, Bondye fèmen je l' sou tout tan sa yo moun pase nan liyorans. Koulye a li rele yo tout, kote yo ye, pou yo tounen vin jwenn li.
Romans 1:32Yo konn jijman Bondye a byen pwòp: yo konnen moun ki fè bagay sa yo merite lanmò. Atousa, y'ap plede fè yo toujou. Sa ki pi rèd, yo dakò ak moun k'ap fè yo tou.
Romans 2:27Moun lòt nasyon yo ki pa sikonsi men k'ap obeyi lalwa a, yo gen pou yo jije ou, ou menm jwif k'ap dezobeyi lalwa a atout ou gen liv lalwa a nan men ou, atout ou sikonsi a.
1 Corinthians 11:14Se pa natirèl pou yon gason gen cheve long. Sa se yon wont.