Romans 2:29
Jwif ki jwif tout bon, se moun ki jwif nan kè yo. Sikonsizyon tout bon an, se sikonsizyon ki make kè moun. Sa se travay Lespri Bondye a, se pa travay lalwa ki ekri nan liv. Lwanj yon jwif konsa pa soti nan men moun, men nan men Bondye.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 10:16Se poutèt sa, louvri kè nou nèt bay Seyè a. Sispann fè wòklò ak li,
1 Samuel 16:7Men Granmèt la di l': -Pa gade sou bèl aparans li, ni sou bèl wotè li. Paske mwen mete l' sou kote. Mwen pa jije valè yon moun jan lèzòm fè l' la. Lèzòm gade sou sa ki parèt devan je yo. Men, mwen menm mwen gade sa ki nan kè moun.
Psalms 45:13(045:14) Pitit fi wa a nan palè a. Ala bèl li bèl! Twal rad ki sou li a fèt ak fil lò.
Jeremiah 4:14Moun Jerizalèm, lave mechanste ki nan kè nou pou nou ka sove. Kilè n'a sispann fè move lide nan tèt nou?
Luke 11:39Men, Jezi di li: Nou menm farizyen, se konsa nou ye. Nou netwaye tout deyò gode a ak deyò plat la, men anndan kè nou se lide vòlò ak mechanste ase ki genyen.
John 3:5Jezi reponn li: Sa m'ap di ou la a, se vre wi: Pesonn pa ka antre nan Peyi kote Bondye Wa a si li pa fèt nan dlo ak nan Sentespri.