Romans 3:12
Yo tout lage kò yo nan bwa, yo tout pèdi chemen yo. Nanpwen yonn ladan yo k'ap fè sa ki byen. Non, pa menm yon sèl.
Bib La
In The King James Version
In Context
11Yo yonn pa gen konprann. Yo yonn p'ap chache Bondye.
Cross References
Genesis 1:31Bondye gade sa l' te fè a, li wè l' bon nèt. Yon lannwit pase, yon maten rive. Se te sizyèm jou a.
Exodus 32:8Yo gen tan kite chemen mwen te mande yo swiv la. Yo pran lò, yo fonn li, yo fè estati yon ti towo bèf, yo tonbe fè sèvis pou li, yo touye bèt ofri ba li, epi yo di: Pèp Izrayèl, men bondye nou an. Se li ki te fè nou soti kite peyi Lejip la.
Psalms 53:1(053:1) Pou chèf sanba yo. Fè yo chante ansanm, tankou timoun lekòl. Se yon sòm David. (053:2) Moun fou di nan kè yo: -Pa gen Bondye! Yo tout fin pouri. Y'ap fè yon bann mechanste. Pa gen yonn ki fè sa ki byen.
Ecclesiastes 7:29Men sa ase mwen jwenn: Bondye kreye moun pou yo viv san pwoblèm, li mete yon chemen tou dwat devan yo, men se yo menm ki chache traka bay tèt yo.
Isaiah 59:8Yo pa konn jan pou yo viv byen ak moun. Tout sa y'ap fè kwochi. Tout kò yo se plan. Moun k'ap swiv yo toujou nan tèt chaje.
Jeremiah 2:13Paske pèp mwen an fè de kalite peche: Yo vire do ban mwen, mwen menm sous dlo fre a. Y' ale fè rezèvwa pou dlo. Rezèvwa yo tou fann, yo pa ka kenbe dlo.