Romans 3:21
Men koulye a, Bondye fè nou wè ki jan li fè moun gras. Lalwa pa gen anyen pou wè nan sa. Se sa liv lalwa a ansanm ak liv pwofèt yo di nou tou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 15:6Abram mete konfyans li nan Seyè a, se konsa Seyè a fè l' gras.
Isaiah 45:24Y'a di: Se nan Seyè a sèl nou jwenn jistis ak fòs kouraj! Tout moun ki t'ap kenbe tèt avè l' yo pral wont, y'ap vin nan pye l'.
Isaiah 51:8Moun sa yo pral disparèt tankou rad sizo ap devore. Yo pral fini tankou twal ki kanni. Men delivrans m'ap ban nou an ap la pou tout tan. Pitit pitit nou yo p'ap janm nan ka pou m' delivre yo ankò.
Isaiah 61:10Se pa ti kontan kè m' kontan pou sa Seyè a fè. M'ap fè fèt pou Bondye mwen an. Paske mwen tankou yon nèg k'ap marye ki fin abiye pou nòs la, tankou yon lamarye k'ap ranje bijou l' yo sou li. Li kouvri m' ak pouvwa li pou l' sove m'. Li vlope m' nan bra li pou l' delivre m'.
Jeremiah 33:16Lè sa a, moun peyi Jida yo ak moun lavil Jerizalèm yo va sove, y'a viv san kè sote. Y'a rele lavil Jerizalèm Seyè a, Delivrans nou an.
Luke 24:44Epi li di yo: Men sa m' t'ap di nou an lè m' te la avèk nou toujou a. Tou sa ki te ekri sou mwen nan lalwa Moyiz la, nan Liv pwofèt yo, menm nan sòm yo, fòk tou sa te rive.