Romans 4:11
Se lontan apre sa Abraram te resevwa sikonsizyon an tankou yon letanp. Se te mak ki te pou moutre Bondye te fè l' gras, paske li te kwè anvan menm li te sikonsi. Se poutèt sa Abraram se papa tout moun ki mete konfyans yo nan Bondye, menm si yo pa sikonsi. Moun sa yo, Bondye ap fè yo gras.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 17:10Men sa pou ou menm ansanm ak tout pitit ou yo pou nou dakò fè: se pou tout gason nan mitan nou sikonsi.
Exodus 31:13-W'a di pèp Izrayèl la: Se pou nou respekte jou repo mwen yo, paske se va yon siy ant mwen menm ak nou menm, ak tout pitit pitit nou yo, pou fè konnen se mwen menm, Seyè a, ki mete nou apa pou mwen.
Deuteronomy 30:6Seyè a, Bondye nou an, va mete mak kontra li a sou kè nou ak sou kè pitit nou yo, pou nou ka renmen l' ak tout kè nou, ak tout nanm nou, pou nou ka gen lavi.
Ezekiel 20:20Fè tou sa mwen di nou fè. Respekte jou repo m' yo pou fè wè nou kenbe kontra m' te siyen ak nou an. Konsa, moun va konnen se mwen menm Seyè a ki Bondye nou.
Matthew 16:16Simon Pyè reponn: Ou se Kris la, Pitit Bondye vivan an.
John 3:15Tout moun ki mete konfyans yo nan li va gen lavi ki p'ap janm fini an.