Romans 4:17
jan sa ekri nan Liv la: Mwen fè ou tounen zansèt moun anpil nasyon. Wi, Abraram se papa nou tout devan Bondye, li te mete konfyans li nan Bondye ki fè moun mouri yo leve vivan ankò, nan Bondye ki kreye tout bagay ki pa t' la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 17:4-Men kontra m'ap pase avè ou la. W'ap zansèt moun anpil nasyon.
Genesis 17:20Ou mande m' pou m' pwoteje Izmayèl pou ou! M'ap fè l' pou ou! M'ap beni l', m'ap ba li anpil pitit ak anpil pitit pitit. Gen douz chèf k'ap soti nan fanmi li. M'ap fè pitit li yo tounen yon gwo nasyon.
Genesis 28:3Mwen mande Bondye ki gen tout pouvwa a pou l' beni maryaj ou, pou l' ba ou anpil pitit, pou ou tounen zansèt anpil nasyon.
Isaiah 44:7Kilès ki tankou m'? Se pou l' kanpe di sa! Se pou l' fè nou konn sa, se pou l' ban m' prèv la! Se pou l' di tou sa ki pase depi nan konmansman! Se pou l' fè konnen davans sa ki gen pou rive.
Isaiah 49:12Gen ladan yo k'ap soti byen lwen. Gen sa k'ap soti nan nò. Gen sa k'ap soti bò solèy kouche. Gen lòt k'ap soti lavil Sinim nan sid.
Matthew 3:9Pa konprann nou ka di nan kè nou: Se pitit pitit Abraram nou ye. Paske, mwen p'ap kache di nou sa: Bondye kapab pran wòch sa yo, li fè yo tounen pitit pou Abraram.