Romans 8:39
ni pouvwa ki anwo nan syèl la, ni pouvwa ki anba tè a. Non. Pa gen anyen nan tout kreyasyon Bondye a ki ka janm fè nou pèdi renmen Bondye fè nou wè nan Jezikri, Seyè nou an.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 64:6(064:7) Y'ap fè move plan, y'ap veye pou moun pa dekouvri yo. Sa ki nan kè yon moun ak nan lide li se mistè.
Proverbs 20:5Lide yon nonm gen nan tèt li, se tankou dlo nan yon pi byen fon. Men, yon moun lespri ka rale yo mete deyò.
Isaiah 10:33Seyè sèl Mèt ki gen tout pouvwa a pral desann yo tankou branch bwa y'ap koupe mete atè. L'ap koupe tèt tou sa ki wo yo. Tou sa ki byen kanpe yo, l'ap lage yo atè.
Daniel 4:11Pyebwa a grandi, li grandi jouk tèt li rive nan syèl. Toupatou sou latè moun te ka wè l'.
Matthew 24:24Paske lè sa a, gen fo Kris ak fo pwofèt k'ap parèt. y'a fè anpil mèvèy ak anpil mirak pou twonpe ata moun Bondye chwazi yo, si yo ta kapab.
John 10:28Mwen ba yo lavi ki p'ap janm fini an. Yo p'ap janm peri, pesonn p'ap janmn ka rache yo nan men mwen.