Romans 8:7
Poukisa? Paske, lè egzijans kò a fin pran tèt yon moun, li pa vle wè Bondye ankò, li p'ap soumèt devan lalwa Bondye a, li p'ap ka soumèt menm.
Bib La
In The King James Version
In Context
8Moun ki soumèt devan egzijans kò yo pa kapab fè Bondye plezi.
Cross References
Exodus 20:5Piga nou adore yo, ni piga nou sèvi yo. Paske mwen menm, Seyè a, Bondye nou an, mwen se yon Bondye ki fè jalouzi. Lè yon moun rayi m', mwen fè pitit li, pitit pitit li ak pitit pitit pitit li yo peye sa.
Job 15:13W'ap pase kòlè ou sou Bondye. W'ap plede joure l'.
Jeremiah 13:23Moun po nwa pa ka chanje koulè po yo. Leyopa pa ka wete takte nwa ki sou kò li yo. Konsa tou, nou menm ki fin gen labitid fè sa ki mal nou pa ka fè sa byen.
Matthew 5:19Se sa ki fè, moun ki va dezobeyi yonn nan pi piti nan kòmandman sa yo, epi ki va moutre lòt moun pou yo fè menm jan an tou, moun sa a va pase pou pi piti nan Peyi Wa ki nan syèl la. Konsa tou, moun ki obeyi kòmandman sa yo, k'ap moutre lòt moun jan pou yo fè l' tou, moun sa a va pase pou pi gran nan Peyi Wa ki nan syèl la.
John 7:7Moun k'ap viv dapre prensip ki nan lemonn pa ka rayi nou. Men, mwen menm yo rayi m' paske mwen di sa y'ap fè a pa bon.
Romans 1:28Yo refize bay Bondye premye plas nan kè yo. Bondye tou kite yo tonbe anba pouvwa lespri yo ki fin deraye pou yo fè bagay yo pa t' dwe fè.