Romans 9:17
Paske nan Liv la, men sa Bondye di farawon an: Se mwen ki fè ou wa tout espre, pou lè moun wè ou, yo ka wè pouvwa mwen, pou moun ka mache fè konnen non mwen toupatou sou latè.
Bib La
In The King James Version
In Context
18Konsa, Bondye gen pitye pou moun li vle, li fè moun li vle kenbe tèt ak li.
Cross References
Exodus 9:16Men, mwen kite nou viv pou nou kapab wè pouvwa mwen, pou moun ka nonmen non m' sou tout latè.
Exodus 14:17M'ap fè moun peyi Lejip yo fè tèt di pi rèd. Y'ap antre dèyè moun pèp Izrayèl yo nan mitan lanmè a. Mwen pral bat farawon an ansanm ak tout lame l' a, tout cha li yo ak tout kavalye l' yo. Sa va sèvi yon lwanj pou mwen.
Exodus 18:10Jetwo di: -Lwanj pou Seyè a ki delivre ou anba men moun peyi Lejip yo ak anba men farawon an! Lwanj pou Seyè a ki wete pèp li a anba esklavaj moun peyi Lejip yo!
Joshua 9:9Yo reponn li: -Mèt, nou soti nan yon peyi byen lwen, paske nou tande pale ki moun Seyè a, Bondye ou la, ye. Nou pran nouvèl tou sa li fè nan peyi Lejip,
1 Samuel 4:8Ala devenn pou nou, mezanmi! Ki moun ki ka delivre nou anba men bondye sa yo ki plen pouvwa? Se bondye sa yo ki te voye tout kalite malè sou moun Lejip yo nan dezè a.
Psalms 83:17(083:18) Se pou yo wont nèt jouk yo pa konn sa pou yo fè. Se pou yo kouri kache, se pou yo mouri.