Romans 9:19
Koulye a, n'a mande m': Si se konsa, kisa Bondye gen pou repwoche moun? Ki moun ki janm kenbe tèt ak Bondye?
Bib La
In The King James Version
Thou wilt say then unto me, Why doth he yet find fault? For who hath resisted his will?
In Context
18Konsa, Bondye gen pitye pou moun li vle, li fè moun li vle kenbe tèt ak li.
Cross References
2 Chronicles 20:6Li lapriyè byen fò, li di: -Seyè, Bondye zansèt nou yo, se ou menm ki Bondye nan syèl la. Se ou menm k'ap gouvènen tout nasyon sou latè a. Se nan men ou tout fòs ak tout pouvwa ye. Pesonn pa ka kenbe tèt avè ou.
Job 9:19Mwen ta seye fè fòs avè l'? Fòs, se nan men l' sa ye. Mwen ta rele l' tribinal? Ki jij ki va voye manda ba li?
Psalms 76:10(076:11) Menm lè lèzòm an kòlè, sa sèvi yon lwanj pou ou. Moun ou sove anba lanmò va fè fèt pou ou.
Isaiah 46:10Depi nan konmansman, mwen te di jan sa pral ye. Depi davans mwen te fè nou konnen sa ki tapral rive. Mwen te di plan travay mwen gen pou rive fèt vre. M'ap fè tou sa mwen te vle fè a.
Mark 14:21Moun Bondye voye nan lachè a pral mouri, jan sa te ekri sou li a. Men, malè pou moun k'ap trayi l' la. Li ta pi bon pou moun sa a si li pa t' janm fèt.
Acts 4:27Se sa menm ki rive nan lavil sa a lè Ewòd ak Pons Pilat mete tèt yo ansanm ak moun lòt nasyon yo ak tout moun pèp Izrayèl la sou do Jezi, sèvitè ki t'ap viv pou ou a, moun ou te chwazi a.