Romans 9:20
Monchè, pito ou mande: kisa m' ye pou m' ap diskite ak Bondye konsa? Pran yon krich: èske krich la ka pale ak moun ki fè l' la pou l' mande l': Poukisa se konsa ou fè m'?
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Job 16:3Kilè n'a sispann tout pale anpil sa a? Sa k'ap pouse nou konsa? Nou toujou pare pou reponn moun!
Job 36:23Pesonn pa ka di Bondye sa pou l' fè. Pesonn pa ka di l' sa l' fè a mal.
Job 40:2-Jòb monchè, ou menm ki t'ap kenbe tèt ak Bondye ki gen tout pouvwa a, ou p'ap kite pou li? Ou menm ki t'ap kritike Bondye a, ou vle reponn li koulye a?
Job 40:8Eske ou soti vre pou moutre se lenjistis m'ap fè ou? Se mwen menm ki antò, ou menm ou gen rezon?
Isaiah 29:16Nou vire tout bagay lanvè! Kilès ki pi konsekan, moun k'ap fè krich yo osinon tè wouj la? Eske bagay yon nonm fè ka di moun ki fè l' la se pa ou ki fè m'? Eske yon krich ka di moun ki fè l' la se moun sòt ou ye?
Isaiah 64:8Men, Seyè, se ou ki papa nou! Se tè krich nou ye. Se ou menm k'ap ban nou fòm. Se ou menm ki te fè nou ak men ou.