2 Chronicles 20:6
Li lapriyè byen fò, li di: -Seyè, Bondye zansèt nou yo, se ou menm ki Bondye nan syèl la. Se ou menm k'ap gouvènen tout nasyon sou latè a. Se nan men ou tout fòs ak tout pouvwa ye. Pesonn pa ka kenbe tèt avè ou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 3:15Bondye di Moyiz ankò: -Men sa pou di moun pèp Izrayèl yo. Seyè a, Bondye zansèt nou yo, Bondye Abraram lan, Bondye Izarak la, Bondye Jakòb la, voye m' bò kote nou. Wi, se konsa mwen rele. Se konsa y'ap toujou rele m' sou latè de tit an tit.
Joshua 2:11Lè nou tande sa, kè nou fann. Tout moun pèdi kouraj lè yo wè nou, paske Seyè a, Bondye nou an, se li menm vre ki Bondye anwo nan syèl la ak sou latè a.
1 Kings 8:30Wi, koute lapriyè m'ap fè ak lapriyè pèp Izrayèl ou a ap fè nan pye ou isit la. Nan syèl kote ou rete a, koute lapriyè nou, padonnen nou.
1 Chronicles 29:12Se nan men ou tout richès ak tout byen soti. Ou gouvènen tout bagay avèk fòs ponyèt ou ak pouvwa ou. Se ou menm ki bay tout moun pouvwa ak fòs.
2 Chronicles 5:14Poutèt nwaj la, prèt yo pa t' ka rete fè sèvis yo, paske limyè prezans Seyè a te plen Tanp lan nèt.
Job 9:4Bondye sitèlman gen bon konprann, li sitèlman gen fòs, pa gen moun ki ka kenbe tèt avè l' pou yo pa peye sa.