Romans 9:22
Nou pa gen anyen pou n' di Bondye ankò. Li vle fè nou wè kòlè li, an menm tan li vle fè nou konnen pouvwa li. Se poutèt sa, avèk anpil pasyans li sipòte tout moun ki te merite kòlè li epi ki te tou bon pou mouri.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 9:16Men, mwen kite nou viv pou nou kapab wè pouvwa mwen, pou moun ka nonmen non m' sou tout latè.
Numbers 14:18Se mwen menm ki Seyè a, mwen pa an kòlè fasil, mwen p'ap janm sispann renmen nou. M'ap toujou padonnen sa nou fè ki mal ak sa nou te dwe fè nou pa fè. Men, mwen pa nan kase fèy kouvri sa ak pesonn. Si yon moun fè yon bagay mal, m'ap pini pitit li, pitit pitit li, ak pitit pitit pitit li yo pou sa li fè a, jouk sou twazyèm ak katriyèm jenerasyon.
Psalms 90:11Kilès ki konnen jan ou ka ankòlè? Kilès ki konnen jan pou yo pè ou lè ou move?
Ecclesiastes 8:11Se paske yo pran twòp tan pou yo pini moun ki fè mal yo ki fè moun toujou anvi fè sa ki mal.
Matthew 23:31Lè nou di sa, nou admèt nou menm tou se pitit pitit moun ki te ansasinen pwofèt yo nou ye.
Romans 2:4Osinon, èske se meprize w'ap meprize Bondye ki gen bon kè anpil, ki gen pasyans anpil, ki sipòte nou anpil? Se konnen ou pa konnen se pou l' ka rele ou vin chanje lavi ou kifè Bondye gen bon kè konsa?