Romans 9:23
Li te vle fè nou wè tou kantite bèl bagay li sere pou moun lè li gen pitye pou yo, pou nou menm li te pare davans pou resevwa bèl bagay li yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Luke 1:17L'ap mache devan Bondye nan menm lespri ak menm pouvwa pwofèt Eli te genyen an. L'ap fè papa vin byen ankò ak pitit; l'ap fè moun ki rebèl rive gen konprann tankou moun k'ap obeyi Bondye, l'ap pare yon pèp byen dispoze pou resevwa Mèt la.
Romans 5:20Lalwa antre nan koze a pou fè moun peche plis toujou. Men, kote moun fè plis peche a, se la favè Bondye a vide pi rèd sou yo.
Ephesians 1:6Se poutèt sa, ann toujou fè lwanj Bondye pou bèl favè sa a li fè nou kado, gremesi Pitit li renmen anpil la!
Ephesians 2:3Lè sa a, nou menm jwif yo, nou te menm jan ak yo. Nou t'ap mennen lavi nou dapre egzijans lachè, nou t'ap fè kapris kò nou ak tout vye lide ki te vin nan tèt nou. Konsa, nou menm jwif, jan nou te ye a, nou te kondannen pou n' te tonbe anba kolè Bondye tankou lòt yo.
Ephesians 2:10Se Bondye ki fè nou. Nan Jezikri li kreye nou pou nou ka fè anpil bon zèv nan lavi nou, dapre sa li te pare davans pou nou te fè.
Ephesians 3:16M'ap mande Bondye pou li ban nou, dapre richès pouvwa li a, fòs ak kouraj nan kè nou, pa mwayen pouvwa Sentespri a, pou nou ka grandi nan karaktè nou,