Ruth 1:16
Men, Rit reponn: -Pa fòse m' kite ou! Tanpri, kite m' ale avè ou. Kote ou prale, mwen prale avè ou. Kote ou rete, m'a rete avè ou. Se moun pa ou yo ki va moun pa m'. Bondye w'ap sèvi a, se li m'a sèvi tou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Joshua 24:18Se Seyè a ki te chase tout pèp sa yo pou yo te fè plas pou nou ansanm ak moun Amori yo ki te rete nan peyi a. Nou menm tou, se Seyè a n'ap sèvi, paske se limenm ki Bondye nou.
Ruth 2:11Bòz reponn li: -Yo di m' tou sa ou te fè pou bèlmè ou depi mari ou mouri a. Mwen konnen ou kite manman ou, papa ou ak peyi kote ou moun lan, ou vin viv nan mitan yon lòt pèp ou pa t' janm konnen anvan.
2 Samuel 15:21Men Itayi reponn li: -Monwa, mwen fè sèman devan Seyè a ak devan ou, se ou menm m'ap sèvi. Kote ou prale mwen pral avè ou, menm si mwen gen pou m' mouri.
2 Kings 2:4Apre sa, Eli di Elize: —Koulye a ou mèt rete isit la tande, paske Seyè a te ban m' lòd pou m' al Jeriko. Men, Elize reponn li: —Mwen pran ou menm ansanm ak Seyè ki vivan an pou temwen, mwen p'ap kite ou ale pou kont ou. Se konsa yo pati ansanm pou lavil Jeriko.
Psalms 45:10(045:11) Koute, mafi! Gade byen! Tande sa m'ap di ou: -Ou mèt bliye pèp kote ou soti a. Ou mèt bliye moun kay papa ou yo.
Daniel 2:47Wa a di Danyèl konsa: -Se vre wi! Bondye ou la gen plis pouvwa pase tout lòt bondye yo. Se li ki chèf tout wa, se li menm ki fè moun konnen sekrè ki kache, depi ou te ka fè m' konprann sans rèv mwen te fè a.