Song of Solomon 1:13
Mennaj mwen tankou yon pake bazilik, ki poze sou tete m'.
Bib La
In The King James Version
A bundle of myrrh is my wellbeloved unto me; he shall lie all night betwixt my breasts.
In Context
12Mèt mwen te kouche sou kabann li. Sant odè mwen an te gaye toupatou.
14Mennaj mwen tankou yon bouke flè k'ap fleri nan jaden rezen Angedi.
Cross References
Genesis 43:11Lè sa a, Izrayèl, papa yo, di: -Bon. Si se konsa sa ye, men sa pou n' fè: n'ap pran pi bon danre ki gen nan peyi a, n'ap mete nan sak nou, n'ap pote fè nonm lan kado: gonm santi bon, siwo myèl, lansan, lami, pistach ak nwa.
Song of Solomon 2:7Nou menm, medam lavil Jerizalèm, tanpri, tanpri souple! Fè m' sèman sou tèt gazèl bèf ak fenmèl kabrit ki lage nan savann yo! Pa deranje anmòrèz mwen lè l'ap dòmi. Pa leve l' san l' pa vle.
Song of Solomon 4:6M'ap rete sou mòn mant lan, sou ti bit lansan an jouk bajou kase, jouk solèy leve.
Song of Solomon 5:1M' antre nan jaden ki pou mwen an! Sò mwen, bèl ti nègès mwen. Mwen keyi lami ak lòt fèy santi bon. Mwen manje gato myèl mwen ak tout siwo a. Mwen bwè diven m', mwen bwè lèt mwen. Mezanmi, manje manje nou! Bwè bwè nou! Fè lamou nou jouk nou sou!
Song of Solomon 5:13De bò figi l' yo tankou de jaden plen zèb ak flè santi bon! Bouch li tankou flè savann ki gen bon sant.
John 19:39Nikodèm, nonm ki ta l' jwenn Jezi yon lè nan mitan lannwit lan, te vini tou. Li te pote senkant lit konsa yon odè yo rele lami melanje ak lalwa nan lwil.