Song of Solomon 2:11
Gade! Sezon fredi pase, lapli sispann tonbe.
Bib La
In The King James Version
For, lo, the winter is past, the rain is over and gone;
In Context
10Mennaj mwen pale avè m', li di m': Vini non, anmòrèz mwen! Ann al avè m' non, bèl nègès mwen!
12Nan tout jaden, flè yo louvri. Se sezon ou tande chante toupatou. Toutrèl gen tan ap chante nan bwa.
Cross References
Ecclesiastes 3:11Li fikse yon lè pou chak bagay byen fèt. Li mete nan kè moun lanvi pou yo konnen sa ki gen pou rive denmen. Men, li pa janm kite yo fin konprann nèt travay l'ap fè a.
Isaiah 40:2Souke kouraj moun lavil Jerizalèm yo! Fè yo konnen yo soufri kont yo atò. Yo fin peye pou sa yo te fè. Seyè a pini yo kont yo pou tout peche yo te fè yo.
Isaiah 60:1Leve kanpe! Ou pral klere tankou solèy. Pouvwa Seyè a pral klere sou ou.
Ephesians 5:8Nan tan lontan, nou te nan fènwa. Men koulye a, paske n'ap viv ansanm nan Seyè a, nou nan limyè. Se sa ki fè, fòk nou mennen tèt nou tankou moun k'ap viv nan limyè a.