Song of Solomon 2:17
Anvan labrin tonbe, anvan solèy vin kouche, kouri tounen vin jwenn mwen, mennaj mwen, tankou yon kabrit, tankou yon jenn ti kabrit k'ap kouri sou mòn byen wo yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Proverbs 5:19L'ap bèl, l'ap anfòm tankou nègès banda. Se pou karès li yo toujou fè kè ou kontan, se pou ou toujou renmen fè lamou ak li.
Song of Solomon 4:6M'ap rete sou mòn mant lan, sou ti bit lansan an jouk bajou kase, jouk solèy leve.
Luke 1:78Tou sa, paske Bondye nou an gen kè sansib, li renmen nou anpil. L'ap fè yon limyè soti anwo vin klere nou tankou solèy k'ap leve.
Hebrews 8:5Nan sèvis prèt sa yo ap fè nan tanp ki sou latè a, se kopye y'ap kopye sou sa k'ap fèt nan syèl la. Sa y'ap fè a ou ta di se lonbraj sa k'ap fèt nan syèl la. Se konsa sa te ye pou Moyiz tou. Lè Moyiz tapral moute tant lan, Bondye di li: Gade byen pou ou ka fè tout bagay dapre modèl mwen te moutre ou sou mòn lan.
2 Peter 1:19Se poutèt sa, mwen pran pawòl pwofèt yo pou pawòl ki sèten nèt. Nou menm tou nou byen fèt lè nou pran pawòl sa yo ak gwo konsiderasyon, tankou yon lanp k'ap klere nan fènwa a jouk jou a va pwente, jouk zetwal ki klere chak maten an va leve nan kè nou.