Hebrews 8:5
Nan sèvis prèt sa yo ap fè nan tanp ki sou latè a, se kopye y'ap kopye sou sa k'ap fèt nan syèl la. Sa y'ap fè a ou ta di se lonbraj sa k'ap fèt nan syèl la. Se konsa sa te ye pou Moyiz tou. Lè Moyiz tapral moute tant lan, Bondye di li: Gade byen pou ou ka fè tout bagay dapre modèl mwen te moutre ou sou mòn lan.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 26:30W'a fè tant lan dapre modèl mwen te moutre ou sou mòn lan.
Numbers 8:4Men ki jan gwo lanp lan te fèt: tout kò a nèt te fèt ak pi bon lò ki genyen. Yo te fè depi pye gwo lanp lan jouk flè yo nan yon sèl gwo moso lò, dapre modèl Seyè a te fè Moyiz wè nan vizyon an.
1 Chronicles 28:12Li ba li plan tout bagay li te gen nan tèt li pou lakou tanp yo, pou tout chanm ki bay sou lakou yo, pou depo veso yo sèvi nan tanp lan ak pou depo bagay yo ofri pou mete apa pou Seyè a.
Acts 7:44Nan gwo dezè a, zansèt nou yo te gen yon tant kote yo te fèmen de wòch plat lalwa yo. Yo te fè l' jan Bondye te mande Moyiz pou l' fè l' la, dapre modèl li te moutre Moyiz la.
Hebrews 9:9Sa se yon siy pou te fè nou konprann davans sa k'ap pase koulye a. Sa vle di: pou moun k'ap fè sèvis sa yo, nanpwen kado yo ka fè Bondye, nanpwen ofrann bèt yo ka touye bay Bondye ki pou lave konsyans yo devan Bondye.
Hebrews 10:1Lalwa Moyiz la pa t' menm yon bon pòtre bagay ki la tout bon yo. Se yon senp lonbraj benediksyon ki gen pou vini yo li ye. Moun ki pwoche bò kote Bondye avèk menm kalite ofrann bèt y'ap plede ofri chak lanne san rete a, moun sa yo, lalwa pa ka fè yo vin bon nèt.