2 Peter 1:19
Se poutèt sa, mwen pran pawòl pwofèt yo pou pawòl ki sèten nèt. Nou menm tou nou byen fèt lè nou pran pawòl sa yo ak gwo konsiderasyon, tankou yon lanp k'ap klere nan fènwa a jouk jou a va pwente, jouk zetwal ki klere chak maten an va leve nan kè nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 119:105Pawòl ou se yon chandèl ki fè m' wè kote m'ap mete pye m', se yon limyè k'ap klere chemen mwen.
Isaiah 8:20W'a reponn yo: Koute pawòl Seyè a, koute sa li te moutre nou an! Si nou koute moun k'ap di nou fè lòt bagay, n'ap toujou rete nan fènwa.
Isaiah 41:21Seyè a, wa pèp Izrayèl la, di: -Nou menm, bondye lòt nasyon yo, vin plede kòz nou! Vin di sa nou gen pou n' di pou defans nou!
Isaiah 60:1Leve kanpe! Ou pral klere tankou solèy. Pouvwa Seyè a pral klere sou ou.
Luke 1:78Tou sa, paske Bondye nou an gen kè sansib, li renmen nou anpil. L'ap fè yon limyè soti anwo vin klere nou tankou solèy k'ap leve.
John 1:7Li te vin sèvi temwen pou pale sou limyè a. Li te vini pou tout moun ki te tande mesaj li a te ka kwè.