Song of Solomon 2:4
Li mennen m' yon ti kote al bwè avè l'. Se pawòl damou ase l'ap glise nan zòrèy mwen.
Bib La
In The King James Version
He brought me to the banqueting house, and his banner over me was love.
In Context
5Li remoute kouraj mwen ak pen rezen. Li rafrechi gòj mwen ak ponm. Mwen malad sitèlman mwen renmen!
Cross References
Esther 7:7Wa a leve bò tab la byen move, li soti deyò al nan jaden palè a. Aman te konnen wa a tapral pini l' pou sa l' fè a. Li rete pou l' mande larenn lan fè pa l'.
Psalms 20:5(020:6) Lè sa a, n'ap rele, n'ap kontan dèske ou genyen batay la. N'ap fè fèt paske ou genyen batay la, n'ap fè lwanj Bondye nou an. Se pou Seyè a ba ou tou sa ou mande l'.
Psalms 63:2(063:3) Fè m' antre kote ki apa pou ou nan kay ou a pou m' wè ou, pou m' wè jan ou gen pouvwa, jan ou merite pou yo fè lwanj ou.
Song of Solomon 1:1Men pi bèl chante nan tout chante Salomon yo.
Song of Solomon 5:1M' antre nan jaden ki pou mwen an! Sò mwen, bèl ti nègès mwen. Mwen keyi lami ak lòt fèy santi bon. Mwen manje gato myèl mwen ak tout siwo a. Mwen bwè diven m', mwen bwè lèt mwen. Mezanmi, manje manje nou! Bwè bwè nou! Fè lamou nou jouk nou sou!
Isaiah 11:10Yon jou gen pou vini. Lè sa a, ti kreyòl ki va soti nan chouk fanmi Izayi a va kanpe tankou yon siy pou tout nasyon yo. Moun va soti toupatou pou yo vin bò kote l'. Y'a fè lwanj li nan lavil kote l' rete a.